Ezekiel 35:3
W'a di yo men sa Seyè sèl Mèt la voye di nou: Nou menm moun peyi Seyi, m'ap leve dèyè nou tou! Mwen pral lonje men m' sou nou pou m' pini nou. M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn Seyi, bay moun Edon yo mesaj mwen ba ou pou yo a.
Cross References
Jeremiah 6:12Y'ap pran kay yo ansanm ak jaden yo ak madanm yo bay lòt moun. Mwen pral pini moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 21:13Nou menm moun Jerizalèm ki chita nan fon an, tankou gwo wòch nan mitan yon plenn, mwen menm Seyè a, mwen pral regle nou. N'ap plede di: Pa gen moun ki ka atake nou, pa gen moun ki ka antre kote n' kache a.
Ezekiel 5:8Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye nan syèl la, di ou: M'ap leve dèyè ou tou, mwen pral pini ou devan tout lòt nasyon yo.
Ezekiel 6:14Wi, m'ap lonje men m' sou yo pou m' touye yo tout. M'ap fè dènye kote yo te rete nan pèyi a tounen yon savann san moun ladan l', depi dezè ki sou bò sid la rive lavil Ribla sou bò nò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 25:13Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m' sou Edon pou m' pini l', mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M'ap fè l' tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè.
Ezekiel 29:10Enben, mwen pral leve dèyè ni ou, ni Nil ou a. Mwen pral fè peyi Lejip la tounen yon pil mazi, yon dezè kote moun pa rete depi lavil Migdòl nan nò jouk lavil Aswan nan sid, rive desann sou fwontyè peyi Letiopi.