Ezekiel 35:5
Nou pa janm sispann rayi moun Izrayèl yo. Lè malè lagè tonbe sou yo, lè yo t'ap resevwa dènye chatiman pou peche yo a, nou lage yo nan men lènmi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 137:7Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!
Ezekiel 21:25Kanta pou ou menm, chèf peyi Izrayèl la, krimenèl san respè pou Bondye, jou pa ou la, jou dènye chatiman ou lan ap rive.
Ezekiel 25:12Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Moun peyi Edon yo te tire revanj yo sou peyi Jida a. Se sa ki fè yo antò anpil lè yo t'ap tire revanj yo sou peyi Jida a.
Ezekiel 35:12Wi, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, mwen te tande jan nou t'ap pase mòn peyi Izrayèl yo nan betiz, lè n'ap plede di: Yo tounen yon dezè, yo ban nou yo pou n' ka devore yo.
Amos 1:11Seyè a di konsa: Moun lavil Edon yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo kouri dèyè frè yo ak nepe pou yo touye yo. Yo san pitye pou yo. Kòlè yo pa gen limit. Yo toujou kenbe yo nan kè yo.