Ezekiel 36:18
Se poutèt sa mwen fè yo santi jan mwen ka move sou yo, paske yo te fè anpil san koule nan peyi a, yo te mete zidòl toupatou. Konsa yo te mete peyi a nan kondisyon pou l' pa t' ka fè sèvis pou mwen ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 34:21-Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout rès pèp li a ki rete nan peyi Jida ak nan peyi Izrayèl la. Chache konnen sa pou n' fè ak pawòl ki nan liv nou jwenn lan. Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' koute pawòl Seyè a, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri nan liv la.
Isaiah 42:25Se konsa, li fè pèp la santi jan l' te move, li fè yo konnen soufrans lagè. Tankou dife, kòlè Bondye tonbe sou tout peyi a. Men yo yonn pa t' vle rekonèt sa. Kòlè Bondye boule peyi a nèt. Men, yo yonn pa t' pran sa pou anyen!
Jeremiah 16:18Pou konmanse, m'ap fè yo peye doub pou tout peche yo, pou tou sa yo fè ki mal, paske yo derespekte tout peyi m' lan ak vye zidòl yo ki tankou kadav santi. Yo plen peyi a ak fo bondye.
Lamentations 2:4Li atake nou, li tonbe sou nou tankou yon lènmi. Li touye tou sa ki te fè plezi ak kontantman nou. Jouk anndan lakay nou, li fè nou santi jan li move sou nou.
Ezekiel 7:8Koulye a, talè konsa, mwen pral fè nou santi jan m' ka move. Mwen pral move sou nou jouk mwen p'ap kapab ankò. Mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. M'ap fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo.
Ezekiel 16:36Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Ou wete tout rad sou ou. Ou rete toutouni nèt pou ou te kouche ak nonm ou yo, ansanm ak tout vye zidòl mwen pa vle wè yo. Lèfini, ou touye pitit ou yo, ou ofri yo bay zidòl.