Ezekiel 36:2
Wi, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye ban nou: Lènmi moun Izrayèl yo ap pase nou nan betiz, y'ap di: Tout ansyen mòn sa yo pou nou koulye a!
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a di ankò: -Koulye a, nonm o! Men mesaj pou ou bay mòn Izrayèl yo, koute sa Seyè a voye di nou.
Cross References
Psalms 78:69Se la li bati tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l' solid tankou latè, pou tout tan.
Isaiah 58:14lè sa a, n'a jwenn plezi nou nan fè sèvis pou mwen. M'a fè tout moun sou latè pote nou anlè, n'a jwi lavi nan peyi mwen te bay Jakòb, zansèt nou an. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!
Ezekiel 25:3W'a di moun peyi Amon yo: Koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Nou te twò kontan lè yo te derespekte kay ki apa pou mwen an. Nou te twò kontan lè yo t'ap devalize peyi Izrayèl la, lè yo t'ap depòte moun Jida yo.
Ezekiel 35:10Nou te di konsa ni nasyon Izrayèl la, ni nasyon Jida a ansanm ak tout peyi yo a, se pou nou yo ye, nou pral pran yo pou nou, malgre se mwen menm ki te Bondye yo a.
Habakkuk 3:19Se Seyè a ki tout fòs mwen. Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe. Pou chèf k'ap dirije moun k'ap chante yo.