Ezekiel 36:22
Se poutèt sa, w'a di moun pèp Izrayèl yo: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Sa m' pral fè a, se pa pou tèt nou m'ap fè l', tande. Se poutèt non mwen ki yon non apa, non nou te trennen nan labou nan tout peyi kote nou pase yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 9:5Non! Se pa paske nou te merite, ni paske nou te mennen bak nou dwat kifè Seyè a pral fè nou pran peyi a pou nou. Se paske moun sa yo mechan kifè Seyè a, Bondye nou an, pral disparèt yo sou tout wout nou. Epitou, se pou l' te ka kenbe pawòl li te sèmante bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb.
Psalms 106:8Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l' moutre jan li gen pouvwa.
Isaiah 43:25Se mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal. Se paske se mwen kifè m'ap fè l'. Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo.
Ezekiel 16:61Ou menm, w'a chonje sa ou te fè, w'a wont lè w'a resevwa gran sè ak ti sè ou yo. M'ap ba ou yo pou pitit fi pa ou malgre sa pa t' nan kontra a.
Ezekiel 36:32Nou menm, moun Izrayèl yo, men sa Seyè sèl Mèt la di nou: Mwen vle fè nou konnen se pa poutèt nou m'ap fè sa m'ap fè a. Non! Okontrè, se wont pou nou ta wont, se bese pou nou ta bese je nou pou sa nou te fè.
Daniel 9:18O Bondye, pare zòrèy ou pou tande nou! Voye je ou wè jan nou fini! Gade nan ki eta lavil ki pote non ou lan ye! Se pa paske nou fè anyen ki dwat ki fè n'ap lapriyè nan pye ou konsa. Men, se paske ou gen bon kè anpil.