Ezekiel 36:25
M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 16:30Paske, jou sa a y'a fè sèvis pou wete yo anba tout peche yo, pou yo ka parèt nan bon kondisyon devan Seyè a.
Numbers 19:13Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, piga li pwoche bò Tant Randevou a pou li pa derespekte tant lan. Si li fè sa, se pou yo touye l'. Se pou yo konsidere moun sa a tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a, paske yo pa t' voye dlo pou mete nan bon kondisyon an sou li, li pa nan kondisyon pou l' sèvi Bondye. Toutotan yo pa fè sèvis la pou li, l'ap rete nan kondisyon sa a.
Psalms 51:7(051:9) Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton.
Proverbs 30:12Gen yon lòt kalite moun ki konprann yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Men, pi mal pase yo nanpwen.
Isaiah 4:4Lè Bondye va lave malpwòpte medam yo t'ap fè nan lavil la, lè l'a lave tout san ki te koule nan lavil Jerizalèm, Bondye pral rann jijman, li pral pini lavil la.
Isaiah 52:15konsa tou, anpil nasyon va kontan lè y'a wè l' fwa sa a. Wa yo va rete bouch be devan li sitèlman y'a sezi. Paske y'a wè bagay moun pa t' janm rakonte yo anvan sa, y'a konprann bagay yo pa t' janm tande anvan.