Ezekiel 36:26
M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m' pale nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:6Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
Psalms 51:10(051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
Ezekiel 11:19M'ap ba yo yon lòt kè, yon lòt lespri. M'ap wete kè di kou wòch yo te genyen nan lestonmak yo a, m'ap ba yo yon kè ki gen bon santiman.
Zechariah 7:12Yo fè kè yo di kou wòch pou yo pa tande lòd ak mesaj mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen te voye ba yo. Se Lespri Seyè a menm ki te mete nan bouch pwofèt tan lontan yo mesaj sa yo. Se konsa Seyè ki gen tout pouvwa a te move anpil sou yo.
Matthew 13:20Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan.
Luke 5:38Men, diven ki fenk fèt, sa dwe ale nan veso an po ki fenk fèt tou.