Ezekiel 36:28
Lè sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m' pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m'ap ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 24:7M'ap ba yo konprann pou yo sa konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè sa a, y'a yon pèp pou mwen, mwen menm m'a Bondye yo, paske y'ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo.
Jeremiah 31:1Seyè a di ankò: -Lè sa a, m'ap Bondye tout branch fanmi pèp Izrayèl la. Yo tout y'ap vin pèp pa mwen.
Jeremiah 32:38Lè sa a, yo menm y'a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m'a tounen Bondye yo ankò.
Ezekiel 14:11Konsa, moun pèp Izrayèl yo p'ap vire do ban mwen ankò. Yo pa pral avili tèt yo nan fè sa ki mal. Lè sa a, se pèp mwen y'ap ye, se mwen menm k'ap Bondye yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Ezekiel 36:10Mwen pral fè tout moun fanmi pèp Izrayèl yo peple, yo pral vin anpil. Tout lavil yo pral plen moun. Yo pral rebati tout kay ki te kraze yo.
Ezekiel 37:25Y'ap rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan, peyi kote zansèt yo te viv la. Yo pral viv la pou tout tan, yo menm, pitit yo ak pitit pitit yo pou tout tan. Se yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, ki pral gouvènen yo pou tout tan gen tan.