Ezekiel 36:29
M'ap delivre nou anba tout vye bagay mal nou t'ap fè yo. M'ap bay ble yo lòd pou yo donnen anpil. Konsa mwen p'ap janm voye grangou sou nou ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 65:23Yo p'ap kraze kò yo travay pou bontan ankò! Travay yo va rapòte yo! Pitit yo p'ap konn sa ki rele malè ankò! M'ap beni yo ansanm ak pitit yo jouk sa kaba.
Ezekiel 34:27Pyebwa nan jaden yo va donnen, jaden yo va bay bèl rekòt, tout moun pral viv ak kè poze nan peyi yo a. Lè m'a wete chenn lan nan kou yo, lè m'a delivre yo anba men moun ki te fè yo tounen esklav, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 36:25M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.
Hosea 2:21Jou sa a, m'a reponn lapriyè tout moun. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap fè lapli soti nan syèl tonbe sou latè.
Hosea 14:2Tounen vin jwenn Seyè a! Men sa pou nou di li: Padonnen tout peche nou yo. Asepte sa n'ap mande ou la a. Nou p'ap ofri ou towo bèf ankò, n'ap fè lwanj ou pito.
Hosea 14:8Nou menm moun Izrayèl, konnen mwen pa gen anyen pou mwen wè ak zidòl. Mwen menm m'a reponn yo lè y'ap lapriyè. M'ap okipe yo tankou pye bwapen ki rete toujou vèt, m'ap ba yo lonbraj. Se mwen menm k'ap ba yo tout kalite benediksyon.