The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 36 › Ezekiel 36:35

Ezekiel 36:35

Konsa tout moun va di: Gade peyi ki te ravaje a non! Koulye a, li tounen yon bèl jaden tankou jaden Edenn lan. Gade jan lavil ki te fin kraze, piye, demoli yo tounen bèl lavil ak gwo ranpa plen moun non!

Bib La

In The King James Version

And they shall say, This land that was desolate is become like the garden of Eden; and the waste and desolate and ruined cities are become fenced, and are inhabited.

In Context

34Tout moun k'ap pase bò jaden nou yo te wè jan yo te ravaje, jan yo te tounen dezè. Men, mwen pral fè nou travay jaden nou yo ankò.

36Lè sa a, rès moun lòt nasyon sou fwontyè nou yo ki chape anba lanmò va konnen se mwen menm, Seyè a, ki rebati tout lavil ki te kraze yo, se mwen menm ki replante jaden ki te ravaje yo. Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'!

Read all of Ezekiel 36

Cross References

Genesis 2:8Seyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a.

Psalms 58:11(058:12) Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè.

Psalms 126:2Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo!

Isaiah 62:4Yo p'ap rele ou ti mepriz ankò. Yo p'ap konsidere peyi ou la tankou yon madanm mari l' kite l'. Y'a rele ou Kè kontan pou Bondye. Y'a rele peyi ou la Bèl madan marye. Paske ou fè Seyè a plezi, l'ap tankou yon mari pou peyi ou la.

Jeremiah 33:9Lè sa a, lavil Jerizalèm pral fè kè m' kontan. Li pral sèvi yon lwanj pou mwen, yon bèl bagay devan tout lòt nasyon ki sou latè. Lè y'a konnen tout byen mwen pral fè pou moun Jerizalèm yo, lè y'a wè tout bèl bagay m'a fè pou yo, y'a tranble tèlman y'a pè, y'a sezi.

Ezekiel 37:13Wi, m'a louvri tonm kote pèp mwen an te antere a, m'a fè yo soti nan tonm yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 36:35

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 36:34Ezekiel 36Ezekiel 36:36 →