Ezekiel 36:37
Seyè sèl Mèt la pale, li di: M'ap kite moun pèp Izrayèl yo vin mande m' sekou. M'ap kite yo peple tankou yon bann mouton.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 10:17Seyè, w'a koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouraj.
Isaiah 55:6Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.
Jeremiah 30:19Y'a tande moun ap chante lakay yo, y'a tande moun ap rele tèlman yo kontan. M'ap fè yo peple, yo p'ap fin disparèt. M'ap fè moun fè lwanj yo. Moun p'ap meprize yo ankò.
Ezekiel 14:3-Nonm o! Moun sa yo lage kò yo bay zidòl nèt. Yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Yo met nan tèt yo mwen pral kite yo vin mande m' konsèy?
Ezekiel 20:31Jouk jòdi a, n'ap fè ofrann bay yo, n'ap bay pitit nou pou yo boule pou zidòl yo. N'ap plede avili tèt nou ak tout vye zidòl sa yo. Lèfini, pou m' ta kite nou vin mande mwen kisa mwen vle nou fè ankò? Jan nou konnen mwen vivan vre a, mwen p'ap penmèt nou mande m' anyen! Se mwen menm, Seyè ki sèl Mèt la, ki di sa!
Zechariah 10:6Mwen pral bay moun fanmi Jida yo fòs. Mwen pral delivre moun fanmi Jozèf yo. M'ap fè yo tounen lakay yo paske kè m' fè m' mal pou yo. Se va tankou si m' pa t' janm lage yo. Se Seyè a, Bondye yo a, mwen ye. M'ap tande lapriyè yo fè nan pye m'.