The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 36 › Ezekiel 36:4

Ezekiel 36:4

Enben, koulye a, mòn peyi Izrayèl yo, koute sa Seyè sèl Mèt la voye di nou. Men mesaj Seyè a bay pou tout mòn ak tout ti mòn, pou tout ravin ak tout fon nan peyi a, pou tout kay kraze moun yo kouri kite ak pou tout lavil yo ki tounen mazi. Moun lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo te piye nou, yo te pase nou nan betiz.

Bib La

In The King James Version

Therefore, ye mountains of Israel, hear the word of the Lord GOD; Thus saith the Lord GOD to the mountains, and to the hills, to the rivers, and to the valleys, to the desolate wastes, and to the cities that are forsaken, which became a prey and derision to the residue of the heathen that are round about;

In Context

3Se poutèt sa, bay mesaj sa a. Fè yo konnen sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di yo: Lè nasyon ki sou fwontyè nou yo te anvayi peyi Izrayèl la pou yo te piye l', pou yo pran l' pou yo, tout moun t'ap pale sou nou, yo t'ap pase nou nan betiz.

5Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, di ankò: M'ap move anpil, m'ap denonse lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo. M'ap denonse tout moun nan peyi Edon an tou. Lè yo t'ap pran peyi mwen an pou yo te piye l' nèt ale a, yo pa t' manke kontan, yo pa t' manke pase nou nan rizib.

Read all of Ezekiel 36

Cross References

Deuteronomy 11:11Non! Peyi nou pral anvayi pou nou pran pou nou an, se yon peyi ki gen anpil mòn ak anpil fon, yon peyi lapli soti nan syèl wouze tout tan.

Psalms 79:4Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.

Isaiah 24:1Seyè a pral souke tè a, li pral ravaje l'. Li pral boulvèse l'. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou.

Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.

Ezekiel 6:3W'a di moun nan mòn peyi Izrayèl yo: Koute mesaj Seyè a, Bondye Sèl Mèt la. Men sa li di moun nan mòn yo, nan ti mòn yo, nan ravin yo ak nan fon yo. Mwen pral voye lènmi atake nou ak nepe pou detwi tout kote nou konn fè sèvis pou zidòl yo.

Ezekiel 34:28Moun lòt nasyon p'ap piye yo ankò. Bèt nan bwa p'ap devore yo ankò nan peyi a. Yo pral rete lakay yo san danje. Pesonn p'ap vin chache yo kont.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 36:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 36:3Ezekiel 36Ezekiel 36:5 →