Ezekiel 36:6
Se poutèt sa, men mesaj pou ou bay peyi Izrayèl la. Pale ak tout mòn yo, tout ti mòn yo, tout ravin yo ak tout fon yo. Di yo: Men sa Seyè a voye di: Koulye a mwen move, mwen fache, m'ap pale! Wi, nou te soufri lè lòt nasyon yo t'ap joure nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 74:18Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou!
Psalms 123:3Gen pitye pou nou, Seyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo.
Ezekiel 36:4Enben, koulye a, mòn peyi Izrayèl yo, koute sa Seyè sèl Mèt la voye di nou. Men mesaj Seyè a bay pou tout mòn ak tout ti mòn, pou tout ravin ak tout fon nan peyi a, pou tout kay kraze moun yo kouri kite ak pou tout lavil yo ki tounen mazi. Moun lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo te piye nou, yo te pase nou nan betiz.
Ezekiel 38:18Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Jou Gòg pral anvayi peyi Izrayèl la, kòlè m' ap moute m'.