Ezekiel 37:10
Se konsa, mwen bay mesaj la, jan li te ban m' lòd la. Souf la antre nan kadav yo, yo vin vivan ankò, yo kanpe sou de pye yo. Te gen anpil anpil moun, kont pou fè yon gwo lame.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 12:7Mwen fè tou sa Seyè a te ban mwen lòd fè a. Jou sa a, gwo lajounen, mwen fè pakèt mwen tankou yon moun y'ap depòte ta fè l'. Nan aswè, mwen fè yon twou ak men m' nan miray la, mwen soti nan fènwa a. Antan tout moun la ap gade m', mwen chaje pakèt mwen sou zepòl mwen, m' ale.
Revelation 20:4Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l' la. Yo pa t' resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve soti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an.