Ezekiel 37:23
Yo pa pral avili tèt yo ankò nan fè sèvis pou zidòl, nan fè bagay derespektan devan Bondye, nan fè sa yo pa t' gen dwa fè. M'ap delivre yo anba tout zidòl ki te fè yo vire do ban mwen an, ki te fè yo fè peche a. M'ap mete yo nan kondisyon pou yo ka sèvi m' ankò. Y'ap tounen yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'ap Bondye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:7M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou.
Psalms 68:20(068:21) Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a.
Isaiah 2:18Tout zidòl pral disparèt nèt ale.
Jeremiah 31:33Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen.
Ezekiel 11:18Lè y'a tounen, y'a wete tout vye zidòl y'a jwenn ansanm ak tout vye bagay derespektan ki t'ap fèt nan peyi a.
Ezekiel 20:43Lè sa a, n'a chonje tou sa nou te konn fè, jan nou te konn avili tèt nou nan fè move bagay. Nou pral wont tèt nou paske se pa ti fè nou te fè.