Ezekiel 37:25
Y'ap rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan, peyi kote zansèt yo te viv la. Yo pral viv la pou tout tan, yo menm, pitit yo ak pitit pitit yo pou tout tan. Se yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, ki pral gouvènen yo pou tout tan gen tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 7:13Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
Isaiah 60:21Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m' ka fè tout moun wè pouvwa mwen.
Jeremiah 30:3Paske, talè konsa mwen pral fè pèp mwen an, moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo kanpe ankò. M'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo, y'a reprann peyi a pou yo ankò.
Jeremiah 32:41M'a pran plezi pou m' fè yo byen. M'a travay ak tout kè m' ak tout nanm mwen pou yo pran rasin nèt nan peyi a.
Ezekiel 36:28Lè sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m' pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m'ap ye.