Ezekiel 37:26
M'ap pase yon kontra ak yo k'ap garanti yo lavi ak kè poze pou tout tan. M'ap mete yo kanpe ankò, m'ap fè yo peple. M'ap fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Se la m'ap viv avèk yo. Se mwen menm k'ap Bondye yo. Yo menm, se pèp ki rele m' pa m' lan y'ap ye.
Cross References
Genesis 9:16Lè lakansyèl la va parèt nan syèl la, m'a wè l', m'a chonje kontra mwen te pase pou tout tan ak tout moun ansanm ak tout kalite bèt k'ap viv sou latè.
Exodus 15:17Wa mennen yo, w'a plante yo sou mòn ki pou ou a, Seyè, sou mòn kote ou pare pou kay ou a, kay ou bati pou ou a, Seyè.
Leviticus 26:11M'ap rete nan mitan nou nan kay mwen an, m'ap toujou kontan ak nou.
1 Kings 8:20Koulye a, Seyè a kenbe pwomès li. Jan li te di l' la, se mwen ki nan plas David, papa m'. Mwen chita sou fotèy wa a Izrayèl la, mwen bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Psalms 89:3(089:4) Ou di konsa: -Mwen pase yon kontra avèk moun mwen te chwazi a. Men sa mwen te pwomèt David, sèvitè mwen an:
Isaiah 49:21Lè sa a, n'a di nan kè nou! -Kilès ki te fè tout pitit sa yo pou nou? Nou te pèdi tout pitit nou yo. Nou pa t' kapab fè pitit ankò. Yo te depòte nou, yo te vire do ban nou. Ki moun ki te elve tout pitit sa yo pou nou? Nou te pou kò nou. Kote yo soti menm?