Ezekiel 38:19
M'ap fè gwo kòlè, m'ap move. Mwen sèmante jou sa a, pral gen yon sèl tranblemanntè nan peyi Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Jou Gòg pral anvayi peyi Izrayèl la, kòlè m' ap moute m'.
Cross References
Psalms 18:7(018:8) Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè!
Ezekiel 5:13M'a tire revanj mwen, m'ap krase yo dèske yo fè m' fè kòlè, m'ap move sou yo jouk mwen pa kapab ankò. Lè sa a, y'a rekonèt se mwen menm Seyè a ki te pale konsa ak yo, paske yo te pouse m' fè jalouzi, mwen te fache sou yo jouk mwen pa kapab ankò.
Ezekiel 39:25Apre sa, Seyè sèl Mèt la di ankò: -Koulye a, mwen pral gen pitye pou pitit pitit Jakòb yo, pou pèp Izrayèl la. M'ap mete yo kanpe ankò. M'ap defann repitasyon non mwen an ki yon non apa.
Joel 3:16Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Seyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.
Haggai 2:21-Pale ak Zowobabèl, gouvènè peyi Jida a, di l' pou mwen: Mwen pral souke syèl la ak latè a.
Hebrews 12:26Nan tan lontan, lè Bondye te pale, tè a te tranble. Men, koulye a, li fè nou pwomès sa a: Yon lòt fwa, se pa latè a ase m'ap fè tranble. M'ap fè syèl la tranble tou.