The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 38 › Ezekiel 38:4

Ezekiel 38:4

M'ap fè ou kase tèt tounen, m'ap mete bayonn nan machwè ou. M'ap trennen ou, ou menm ansanm ak tout lame sòlda ou yo, chwal ou yo ak kavalye ou yo, ak bèl inifòm yo sou yo. Yon gwo lame w'ap genyen lè sa a, chak sòlda ak nepe yo nan yon men ak yon gwo osinon yon ti plak fè pwotèj nan lòt men an.

Bib La

In The King James Version

And I will turn thee back, and put hooks into thy jaws, and I will bring thee forth, and all thine army, horses and horsemen, all of them clothed with all sorts of armour, even a great company with bucklers and shields, all of them handling swords:

In Context

3W'a di Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a ou menm Gòg, m'ap leve dèyè ou.

5Moun peyi Pès, moun peyi Letiopi ak moun peyi Pout ap mache avè ou. Yo tout gen gwo plak fè pwotèj sou ponyèt yo ak kas fè sou tèt yo.

Read all of Ezekiel 38

Cross References

2 Kings 19:28Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chimen ou te pran pou vini an pou ou tounen.

2 Chronicles 25:5Amasya reyini tout gason nan branch fanmi Jida yo ak nan branch fanmi Benjamen yo, li moute yon lame, chak fanmi apa. Li mete yon chèf alatèt chak rejiman mil sòlda ak yon chèf alatèt chak divizyon san sòlda. Li fè konte tout gason ki te gen ventan ak sa ki te gen ventan depase. Li fè kouche yo sou rejis. Li jwenn te gen twasanmil (0300.000) sòlda ki te pi bon nan sèvi ak zam, ki te pare pou fè lagè, ki te gen ladrès pou sèvi ak frenn ak gwo plak pwotèj.

Jeremiah 46:9Bay chwal yo lòd pou yo ale. Bay cha lagè yo lòd pou yo woule. Voye sòlda yo al goumen: moun peyi Soudan ak moun peyi Liban yo ak plak pwotèj yo sou bra yo, ansanm ak moun peyi Lidi yo ki gen ladrès pou sèvi ak banza.

Ezekiel 29:4Mwen pral kwoke yon zen antravè nan machwè ou. Tout pwason larivyè a pral kole sou ou. Lèfini, m'ap rale ou soti nan larivyè a ak tout pwason yo kole sou ou.

Ezekiel 39:2M'ap fè ou pran yon lòt direksyon, m'ap fè ou soti nan pwent nò a, m'ap mennen ou sou mòn Izrayèl yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 38:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 38:3Ezekiel 38Ezekiel 38:5 →