The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 38 › Ezekiel 38:9

Ezekiel 38:9

L'a moute vin atake yo ansanm ak tout lame li ak tout kantite moun lòt nasyon ki avè l' yo. L'ap tankou yon van tanpèt. L'ap kouvri tout peyi a tankou yon gwo nwaj.

Bib La

In The King James Version

Thou shalt ascend and come like a storm, thou shalt be like a cloud to cover the land, thou, and all thy bands, and many people with thee.

In Context

8Apre kèk tan m'ap ba li lòd pou l' al anvayi yon peyi kote moun ki te rive chape nan lagè yo te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Wi, li pral anvayi mòn peyi Izrayèl yo ki te rete pandan lontan tankou yon dezè. Men, moun peyi Izrayèl yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo. Koulye a y'ap viv lakay yo ak kè poze, san ankenn danje.

10Men sa Seyè sèl Mèt la voye di Gòg: Lè jou sa a va rive, lespri ou pral pran travay, ou pral fè move lide nan tèt ou.

Read all of Ezekiel 38

Cross References

Isaiah 8:9Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou!

Isaiah 25:4Paske ou te sèvi pwoteksyon pou moun ki fèb, yon pwoteksyon pou malere lè yo te nan tray. Se bò kote ou yo pare lapli. Se anba lonbraj ou yo pare solèy. Lè mechan yo move, yo tankou gwo lapli loraj k'ap tonbe nan tan fredi.

Jeremiah 4:13Gade! Men lènmi yo ap vini tankou nwaj nan syèl la. Cha lagè yo tankou yon van siklòn. Chwal yo pi rapid pase malfini. Zafè nou pa bon! Y'ap fini ak nou!

Ezekiel 38:16Ou pral tonbe sou pèp Izrayèl mwen an tankou yon van tanpèt k'ap pase sou tout peyi a. Lè lè a va rive, m'ap voye ou anvayi peyi mwen an pou m' ka fè lòt nasyon yo konnen ki moun mwen ye, pou yo rekonèt se yon Bondye apa mwen ye lè y'a wè travay ou menm Gòg, ou pral fè pou mwen an.

Joel 2:2Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nwaj nwa, yon jou kote nwaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo gwonèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 38:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 38:8Ezekiel 38Ezekiel 38:10 →