Ezekiel 4:16
Epi li di ankò: -Nonm o! Mwen pral koupe viv moun lavil Jerizalèm yo. Moun yo pral gen kè sere, yo pral gen kè sote lè yo pral kontwole kantite pen pou yo manje ak kantite dlo pou yo bwè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:26M'ap koupe viv nou. Yon sèl fou ap kont pou dis fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y'a kontwole sa y'ap bay chak moun. Lè n'a fin manje, se atò n'a grangou.
2 Kings 25:3Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò.
Psalms 105:16Lè Seyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo,
Lamentations 1:11Tout moun ap plenn, y'ap chache manje pou yo manje! Yo bay tout byen yo pou yo sa jwenn manje, pou yo pa fin mouri. -Granmèt o, voye je ou gade m' non! Wè jan y'ap pase m' nan betiz!
Lamentations 5:9Se gwo danje lè nou soti al dèyè manje. Ansasen toupatou nan peyi a.
Ezekiel 5:16M'ap koupe viv nou, m'ap kite nou mouri grangou. Nou pral santi doulè grangou a tankou si se flèch yo voye sou nou pou touye nou.