Ezekiel 4:5
Mwen deside pou yo pase twasankadrevendizan (0390) ap peye pou peche yo. Konsa, m'ap fè ou pase twasankatrevendi (0390) jou ap pote chay peche moun peyi Izrayèl yo, yon jou pou chak lanne.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:34Nou menm, n'a peye konsekans peche nou an pandan karant lanne, yon lanne pou chak jou nan karant jou nou te pase ap vizite peyi a. Lè sa a, n'a konnen sa sa vle di lè m' vire do bay moun.
Daniel 9:24Sèt fwa swasanndizan an, se tan sa a Bondye fikse pou l' delivre pèp li a ansanm ak lavil ki apa pou li a anba peche ak mechanste. Lè lè sa a va rive, l'ap padonnen tout peche. Tout moun pral mache dwat pou tout tan. Konsa, tou sa yo te anonse nan vizyon an ak nan mesaj pwofèt la va rive. Yo pral mete lotèl la apa pou Bondye ankò.