The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 40 › Ezekiel 40:17

Ezekiel 40:17

Nonm lan fè m' pase nan gwo lakou deyò a. Te gen trant chanm yo te bati fè wonn lakou a. Do chanm yo te kole ak gwo miray ki te fèmen lakou a. Tout lakou a te pave nèt depi devan pòt chanm yo.

Bib La

In The King James Version

Then brought he me into the outward court, and, lo, there were chambers, and a pavement made for the court round about: thirty chambers were upon the pavement.

In Context

16Te gen fennèt ak griyaj nan mi ki bay sou deyò chak chanm yo, ak nan mi ki separe chanm yo. Yo te fè pòtre pye palmis sou fasad miray separasyon yo ki bay sou koridò a.

18Gwo lakou a te pi ba pase ti lakou anndan an.

Read all of Ezekiel 40

Cross References

Exodus 27:9W'a fè yon galeri wonn kay la. Sou bò sid la, w'a moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè pou bò sa a.

2 Kings 23:11Li wete chwal wa Jida yo te mete apa pou sèvis bondye Solèy la. Li boule cha ki te konn sèvi nan sèvis pou solèy la. Se nan yon pyès nan lakou tanp lan yo te ye, toupre pòtay la, bò kay kote Netanmelèk, nèg konfyans wa a, te rete.

1 Chronicles 23:28Travay yo se ede prèt yo, pitit Arawon yo, nan sèvis y'ap fè nan Tanp Seyè a. Se yo ki pou okipe lakou yo ak tout pyès nan Tanp lan. Se yo ki pou veye pou tout bagay rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Se yo ki reskonsab tout lòt sèvis nan Tanp lan.

Ezekiel 10:5Yo te ka tande bri zèl bèt vivan yo jouk nan lakou deyò a. Se te tankou vwa Bondye ki gen tout pouvwa a lè l'ap pale.

Ezekiel 41:6Te gen trant chanm anba. Chak chanm sa yo te gen de lòt anwo yo: trant chanm nan premye etaj la, trant lòt chanm nan dezyèm etaj la. Epesè miray deyò Tanp lan te pi piti nan premye etaj la pase anba. Li te pi piti toujou nan dezyèm etaj la pase nan premye a. Konsa, chanm yo te chita sou miray la san yo pa t' bezwen makònen avè l'.

Ezekiel 42:4Pòt chanm yo te bay sou bò nò, yo te louvri sou yon koridò sèz pye lajè, sanswasantwit pye longè ki pase devan chanm yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 40:17

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 40:16Ezekiel 40Ezekiel 40:18 →