Ezekiel 40:2
Nan yon vizyon, mwen wè li mennen m' nan peyi Izrayèl la. Li mete m' kanpe sou yon mòn byen wo. Mwen wè devan m' sou bò sid la yon bann kay bati ou ta di yon lavil.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 28:12Li ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Seyè a.
Isaiah 2:2Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.
Isaiah 48:2Nou cho konsa pou nou di se moun lavil Jerizalèm, lavil Bondye a, nou ye. Se sou Bondye pèp Izrayèl la n'ap mete tout espwa nou, li menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a.
Ezekiel 8:3Mwen wè l' lonje men l' tankou men yon moun, li pran m' nan cheve. Nan vizyon an, li leve m' byen wo nan syèl la, li mennen m' lavil Jerizalèm, devan pòtay anndan ki bay sou bò nò a, kote yo te mete yon estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè.
Ezekiel 48:30Lavil Jerizalèm va fèmen nan mitan kat gwo miray. L'ap gen douz pòtay. Chak pòtay va pòte non yonn nan douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Miray nò a va mezire demil senksanven (02520) mèt longè.
Daniel 7:1Nan menm lanne Bèlchaza te moute wa peyi Babilòn, Danyèl fè yon rèv, li wè yon vizyon antan li t'ap dòmi sou kabann li. Apre sa, li kouche tou sa li te wè nan rèv la sou papye. Men sa li te ekri a: