Ezekiel 40:22
Dènye gwo chanm lan, fennèt yo, ak pòtre pye palmis te tankou sa li jwenn pou pòtay bò solèy leve a. Te gen sèt macheskalye ki moute devan pòtay nò a. Gwo chanm lan te nan bout koridò a ki bay sou gwo lakou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 6:29Sou tout miray anndan tanp lan te gen pòtre zanj cheriben, pòtre pye palmis ak pòtre flè yo te travay nan bwa a.
1 Kings 6:35Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay sou bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò.
1 Kings 7:36Yo te dekore panno yo ak zepòlman yo ak pòtre zanj cheriben, pòtre lyon ak pòtre pye palmis, tout kote yo te jwenn yon ti espas, ak flè sou tout wonn lan.
Ezekiel 40:6Apre sa, li ale nan pòtay ki bay sou solèy leve a. Li moute mach eskalye yo. Lè li rive anwo, li mezire papòt pòtay la. Li jwenn dis pye fondè.
Ezekiel 40:26Te gen sèt macheskalye ki moute devan pòtay la sou deyò. Dènye gwo chanm lan te nan bout koridò a ki bay sou gwo lakou a. Te gen pòtre pye palmis sou fasad miray ki bay sou koridò a.
Ezekiel 40:34Gwo chanm lan te bay sou gwo lakou deyò a. Pòtre pye palmis te sou tout miray la anndan koridò a. Te gen wit macheskalye ki moute devan pòtay la.