Ezekiel 40:25
Te gen fennèt nan chanm gad yo, tankou lòt yo. Koridò pasaj la te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 7:4Nan de miray sou kote yo, te gen twa ranje fennèt. Fennèt yo te bay yonn sou lòt.
Ezekiel 40:21Twa chanm gad yo ki sou chak bò koridò a, miray ki separe yo a, ak dènye gwo chanm ki bay sou anndan an, yo tout te gen menm mezi ak sa li te jwenn pou pòtay ki bay sou solèy leve a. Koridò mitan an te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè.
Ezekiel 40:33Chanm gad yo, gwo chanm lan, miray anndan li yo, yo tout te tankou pou lòt pòtay yo. Te gen fennèt toutotou koridò a ak nan gwo chanm lan tou. Li te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè.
1 Corinthians 13:12Konsa tou, sa nou wè koulye a, se tankou yon pòtre n'ap gade yon jan twoub twoub nan yon glas. Men, pita nou pral wè fasafas. Koulye a nou pa fin konn tout bagay. Men, pita n'a konnen nèt ale menm jan Bondye konnen nou an.