Ezekiel 40:38
Nan gwo lakou deyò a te gen yon chanm bò pòtay nò ki mennen nan ti lakou anndan an. Chanm sa a te louvri sou gwo chanm lan ki bay sou gwo lakou a. Se la yo te lave vyann bèt yo te fin touye anvan y' al boule yo nèt sou lotèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 1:13Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Apre sa, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa l'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
1 Kings 6:8Pòt pou antre nan premye chanm anba yo te bay sou bò sid Tanp lan. Te gen eskalye pou moute nan premye ak nan dezyèm etaj yo.
Ezekiel 40:12Devan chak chanm gad yo, te gen yon ti mi tou ba ki te gen vin pous wotè, vin pous lajè. Chanm yo menm te kare kare anndan, dis pye longè, dis pye lajè.
Ezekiel 41:10ak rès batiman an, te gen yon koulwa trannkat pye lajè, ki te fè wonn Tanp lan.
Hebrews 10:22Ann pwoche bò kot Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.