Ezekiel 40:44
Apre sa, li mennen m' antre nan ti lakou anndan an. Te gen de lòt chanm ki bay sou ti lakou anndan an, yonn bò pòtay nò a ak pòt li louvri sou sid, lòt la bò pòtay sid la ak pòt li louvri sou nò.
Bib La
In The King James Version
In Context
45Nonm lan di m' konsa: -Ti chanm ki gen pòt li louvri sou sid la, se pou prèt k'ap sèvi nan tanp lan.
Cross References
1 Chronicles 6:31Men moun David te mete pou reskonsab tout chante nan Tanp Seyè a lè y'a fin enstale Bwat Kontra a ladan l'.
1 Chronicles 25:1Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:
Ezekiel 40:10Te gen twa chanm gad chak bò koridò ki bay sou solèy leve a. Tout chanm yo te menm fòs. Miray ki te separe pyès yo yo yonn ak lòt te gen menm lajè.
Ezekiel 40:23Lòt bò gwo lakou a, devan koridò nò a, te gen yon lòt pòtay ki bay sou ti lakou anndan an, menm jan ak sou bò solèy leve a. Nonm lan mezire distans ant de pòtay yo, li jwenn sanswasantwit pye tou.
Ezekiel 40:29-(we vèsè pwochen)
Ephesians 5:19Lè n'ap pale yonn ak lòt, sèvi ak pawòl ki nan sòm yo, nan kantik yo, ak nan chante Lespri Bondye a moutre nou. Chante kantik ak sòm pou Seyè a lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.