Ezekiel 40:45
Nonm lan di m' konsa: -Ti chanm ki gen pòt li louvri sou sid la, se pou prèt k'ap sèvi nan tanp lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 8:35Pandan sèt jou, lajounen kou lannwit, n'a rete la devan pòt Tant Randevou a, epi n'a fè tou sa Seyè a te ban nou lòd fè a. Si se pa sa, n'a mouri. Wi, men lòd Seyè a te ban mwen an.
Numbers 3:32Se Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, ki te chèf tout chèf fanmi Levi yo. Se li ki te kontwole travay moun ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Seyè a.
Numbers 18:5Men, ou menm ak pitit gason ou yo, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè nan kote ki apa pou Seyè a, tou sa nou gen pou nou fè pou lotèl la. Konsa, mwen p'ap janm fache ankò sou moun pèp Izrayèl yo.
1 Chronicles 9:23Se konsa, yo menm ak pitit yo yo toujou ap fè pòs nan pòtay Tanp lan, nan pòtay Tant Randevou a.
Psalms 134:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l', ann fè lwanj Seyè a!
Malachi 2:4Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki te ban nou lòd sa a, pou kontra mwen te pase ak fanmi Levi a ka toujou la. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.