Ezekiel 40:46
Lòt chanm ki gen pòt li louvri sou nò a, se pou prèt k'ap sèvi sou lotèl la. Tout prèt yo se moun menm fanmi Zadòk la. Nan tout branch fanmi Levi a, se yo menm ase ki te gen dwa antre devan Seyè a pou sèvi l' nan Tanp lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
45Nonm lan di m' konsa: -Ti chanm ki gen pòt li louvri sou sid la, se pou prèt k'ap sèvi nan tanp lan.
Cross References
Leviticus 6:6Apre sa, l'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite, l'a mennen l' bay prèt la ki va ofri l' bay Seyè a pou li peye pou sa l' te fè ki mal la. Y'a kalkile pri belye a dapre sa yo gen pou yo peye pou ofrann konsa.
Leviticus 10:3Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
Numbers 16:40pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
1 Kings 2:35Apre sa, wa a mete Benaja kòmandan lame a nan plas Joab, li mete Zadòk, prèt la, nan plas Abyata.
Ezekiel 43:19Nan moun Levi yo se prèt ki soti nan fanmi Zadòk la ase ki pou parèt devan m' pou sèvi m'. Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m' mande: N'a bay prèt sa yo yon jenn towo bèf pou yo ofri ban mwen pou mande padon pou peche yo.
Ezekiel 45:4Se pòsyon sa a n'a kite apa nèt pou Seyè a. Se li ki va pou prèt yo k'ap sèvi kote ki apa pou Bondye a epi k'ap fè sèvis pou Seyè a nan Tanp lan. Se sou li y'a bati kay yo. Se la y'a chwazi anplasman pou Tanp lan.