Ezekiel 43:18
Seyè sèl Mèt la pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! Koute sa m'ap di, men sa mwen bay lòd pou yo fè: Lè n'a fin moute lotèl la, n'a mete l' apa pou mwen. N'a boule vyann bèt n'a ofri pou mwen yo sou li, n'a voye san bèt nou te touye yo sou tout lotèl la. Se konsa n'a mete lotèl la apa pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 1:5L'a touye towo a la devan Seyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va pran san an pou yo ofri l' bay Seyè a. Lèfini, y'a voye san an sou kat bò lotèl ki toupre pòt Tant Randevou a.
Leviticus 16:19Lèfini, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa sou lotèl la. Se konsa, poutèt moun nan pèp Izrayèl la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, l'a fè sèvis pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, l'a mete l' apa pou Bondye.
Ezekiel 45:18Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Chak premye jou nan premye mwa lanne a, se pou nou touye yon towo bèf san ankenn enfimite bay Bondye, pou mete Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.
Hebrews 9:21Moyiz voye san an sou tout tant lan, sou tout bagay ki sèvi nan tant lan.
Hebrews 12:24Nou pwoche bò kot Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bò kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abèl la.