Ezekiel 43:19
Nan moun Levi yo se prèt ki soti nan fanmi Zadòk la ase ki pou parèt devan m' pou sèvi m'. Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m' mande: N'a bay prèt sa yo yon jenn towo bèf pou yo ofri ban mwen pou mande padon pou peche yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 4:3Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche l' la.
Numbers 16:5-Denmen maten, Seyè a va fè nou konnen ki moun ki pou li, ki moun li mete apa pou l' ak ki moun ki gen dwa pwoche bò kote l'. Moun la kite pwoche bò kote l' la, n'a konnen se moun sa a Bondye chwazi.
Numbers 18:5Men, ou menm ak pitit gason ou yo, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè nan kote ki apa pou Seyè a, tou sa nou gen pou nou fè pou lotèl la. Konsa, mwen p'ap janm fache ankò sou moun pèp Izrayèl yo.
1 Kings 2:27Salomon revoke Abyata, li enpoze l' sèvi tankou prèt Seyè a. Se konsa, sa Seyè a te di lavil Silo sou Eli, prèt la, ak sou pitit li yo, rive vre.
Isaiah 61:6Men nou menm, y'a rele nou prèt Seyè a. Wi, y'a rele nou Sèvitè Bondye nou an! N'a jwi richès lòt nasyon yo. Tout bèl bagay lakay yo, se pou nou y'a ye.
Jeremiah 33:18Va toujou gen prèt nan fanmi Levi a pou sèvi m' nan tanp lan, pou boule ofrann nan dife pou mwen, pou fè ofrann grenn jaden ak lòt ofrann bèt pou mwen chak jou.