Ezekiel 43:2
Rive la, mwen wè gwo limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la k'ap soti bò solèy leve a, k'ap vini. Li fè yon gwo bri tankou bri lanmè ki move. Gwo limyè sa a te klere toupatou sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Nonm lan mennen m' bò pòtay ki bay sou solèy leve a.
Cross References
Isaiah 6:3Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè.
Ezekiel 1:24Lè bèt yo t'ap vole, mwen tande zèl yo t'ap fè yon bri. Ou ta di bri lanmè a lè li move, osinon bri vwa Seyè a lè l'ap pale, oswa bri yon gwo lame. Lè yo sispann vole, yo kite zèl yo pandye.
Ezekiel 3:23Mwen leve, mwen desann al nan fon an. Lè m' rive la, mwen wè gwo bèl limyè ki te fè m' konprann Seyè a te kanpe la, tankou mwen te wè l' bò larivyè Keba a. Mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè.
Ezekiel 10:4Bèl limyè prezans Seyè a leve anwo tèt bèt vivan yo, li al kanpe nan papòt tanp lan. Nwaj la anvayi tout tanp lan. Lakou a menm te klere ak gwo limyè prezans Seyè a.
Ezekiel 11:23Bèl limyè prezans Seyè a soti kite lavil la, li ale poze sou mòn ki te sou bò solèy leve a.
Habakkuk 3:3Bondye ap vini soti peyi Edon. Bondye tout bon an ap desann soti sou mòn Paran an. Pouvwa li kouvri tout syèl la. Lwanj li toupatou sou latè.