Ezekiel 43:20
N'a pran ti gout nan san an, n'a vide l' sou tèt kat kòn yo nan kat kwen lotèl la, sou kat kwen pòsyon mitan lotèl la ak sou tout rebò a. Se konsa n'a wete tout peche ki te antre nan fè lotèl la, n'a mete l' apa nèt pou sèvis mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:36Chak jou, w'a ofri yon towo bèf, w'a touye l' pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen. Avèk ofrann bèt sa a w'ap fè pou peche a, w'a mete lòtèl la nan kondisyon pou l' sèvi nan sèvis Bondye. Lèfini, w'a vide lwil sou li, w'a mete l' apa pou sèvis Bondye.
Leviticus 4:25Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri pou peche a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
Leviticus 4:34Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
Leviticus 8:15Lèfini, Moyiz touye towo a, li tranpe dwèt li nan san towo a, li mete ti degout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li fè ofrann pou peye pou tou sa moun te fè ki mal sou lotèl la, li vide tout rès san an atè nan pye lotèl la. Se konsa li mete l' apa pou Bondye, li mande Bondye gras pou li.
Leviticus 16:19Lèfini, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa sou lotèl la. Se konsa, poutèt moun nan pèp Izrayèl la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, l'a fè sèvis pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, l'a mete l' apa pou Bondye.
Ezekiel 43:22Nan denmen, n'a pran yon bouk kabrit ki san ankenn enfimite, n'a ofri l' ban mwen pou mande m' padon pou peche nou yo. N'a mete lotèl la apa pou sèvis mwen ak san li, menm jan yo te fè l' lavèy ak san towo a.