Ezekiel 43:7
-Nonm o! Men fotèy kote m' chita a! Men kote m'ap poze pye m' yo. Se la mwen pral rete nan mitan moun pèp Izrayèl yo pou tout tan. Ni pèp Izrayèl la ni wa yo p'ap janm fè sèvis pou lòt bondye osinon sou tonm wa yo ankò pou yo derespekte non m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:45M'ap rete nan mitan pèp Izrayèl la, se mwen menm ki va Bondye yo.
1 Kings 8:13Koulye a, mwen bati yon tanp pou ou ka rete, yon kay kote ou pral viv pou tout tan.
1 Chronicles 28:2David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: -Frè m' yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Seyè a rete, yon kay kote Seyè a ka mete fotèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la.
Psalms 68:17(068:18) Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a.
Psalms 99:1Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble!
Psalms 132:14Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.