Ezekiel 44:10
Seyè a di m' ankò: Lè moun pèp Izrayèl yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi zidòl yo, moun Levi yo te mete tèt yo ansanm ak pèp la. Se poutèt sa mwen pral pini yo pou sa yo fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:13Kayen di Seyè a: Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p'ap ka sipòte l'.
Numbers 5:31Mari a p'ap reskonsab anyen ki ka rive madanm lan. Men madanm lan, si l' antò, va pote chay peche l' la.
2 Kings 23:8Lèfini, li fè tout prèt ki te rete nan lavil peyi Jida yo antre lavil Jerizalèm. Li mache nan tout peyi a depi lavil Geba jouk lavil Bècheba, li gate tout kote prèt sa yo te konn fè sèvis pou zidòl yo, kifè yo pa t' ka sèvi pou sa ankò. Li demoli lotèl pòtay yo, ki te bò pòtay Jozye, gouvènè lavil la, te bati sou bò gòch pòtay prensipal la lè w'ap antre.
Nehemiah 9:34Wi, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pa t' fè sa ki nan lalwa ou la. Yo pa t' koute kòmandman ak avètisman ou te ba yo.
Proverbs 11:31Gade! Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latè. Men, nou pa bezwen mande si moun k'ap fè mechanste ak moun k'ap viv nan peche p'ap jwenn ak pa yo tou!
Jeremiah 23:11Seyè a di ankò: -Pwofèt yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye. Mwen bare yo ap fè sa ki mal nan Tanp lan menm.