Ezekiel 44:11
Y'ap toujou sèvi m' nan Tanp lan. Se yo menm ki pral reskonsab veye pòtay Tanp lan, se yo ki pral fè tout kalite ti travay ki pou fèt nan Tanp lan. Se yo ki pral touye bèt pèp la va vin ofri pou boule nèt nan dife ak pou lòt kalite ofrann. Se yo ki pral la pou sèvi pèp la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 8:26Men, y'a gen dwa ede moun Levi parèy yo nan nenpòt travay y'ap fè nan Tant Randevou a. Men yo menm poutèt pa yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò. Se konsa w'a bay moun Levi yo travay pou yo fè.
Numbers 18:6Se mwen menm ki te pran fanmi ou yo, moun Levi yo, ki te chwazi yo nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen mete yo apa pou mwen. Se mwen ki ba ou yo pou yo ka travay nan Tant Randevou a.
2 Chronicles 29:34Men prèt yo pa t' anpil, yo pa t' ka kòche tout bèt yo te ofri pou boule nèt yo. Se moun Levi yo, moun menm fanmi ak yo, ki te vin ede yo fin fè travay la, jouk lòt prèt yo te fin mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, paske moun Levi yo te pi prese mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a pase prèt yo.
2 Chronicles 35:10Lè tout bagay te pare pou fèt la, prèt yo pran plas yo, moun Levi yo fè gwoup apa jan wa a te ba yo lòd la.
Ezekiel 44:14M'ap ba yo lòt travay pou yo fè nan tanp lan. M'ap mete yo reskonsab tout kalite travay k'ap fèt nan Tanp lan.