Ezekiel 44:15
Seyè sèl Mèt la di m' ankò: -Prèt ki fè pati branch fanmi Levi a men ki soti nan fanmi Zadòk la te toujou fè travay yo byen san melanj nan Tanp lan, lè tout rès pèp Izrayèl la menm te vire do ban mwen. Se poutèt sa, se yo menm ase ki ka pwoche vin fè sèvis pou mwen. Se yo menm ki gen dwa kanpe devan m' pou ofri m' grès ak san bèt yo touye pou mwen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 3:3Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la,
Leviticus 17:5Sa vle di: Depi koulye a moun pèp Izrayèl yo gen pou mennen devan Seyè a tout bèt yo te konn touye nan jaden. Se pou yo mennen yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Se la y'a touye yo, menm jan yo touye bèt y'ap ofri pou di Bondye mèsi.
Numbers 16:5-Denmen maten, Seyè a va fè nou konnen ki moun ki pou li, ki moun li mete apa pou l' ak ki moun ki gen dwa pwoche bò kote l'. Moun la kite pwoche bò kote l' la, n'a konnen se moun sa a Bondye chwazi.
Deuteronomy 10:8Se lè sa a Seyè a te mete moun branch fanmi Levi yo apa pou yo reskonsab pote Bwat Kontra Seyè a, pou yo ka kanpe devan l' fè sèvis pou li, pou yo ka beni pèp la nan non l', jan y'ap fè l' jouk koulye a.
2 Samuel 8:17Zadòk, pitit gason Akitoub la, ak Akimelèk, pitit gason Abyata a, te prèt. Seraja te sekretè.
Jeremiah 33:18Va toujou gen prèt nan fanmi Levi a pou sèvi m' nan tanp lan, pou boule ofrann nan dife pou mwen, pou fè ofrann grenn jaden ak lòt ofrann bèt pou mwen chak jou.