Ezekiel 44:17
Lè y'a antre nan pòtay ti lakou anndan Tanp lan, y'a mete rad fèt ak twal fin blan. Lè y'ap sèvi nan ti lakou anndan an osinon nan Tanp lan, yo pa fèt pou yo gen anyen fèt ak lenn sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 28:43Se pou Arawon ak pitit gason l' yo toujou pote kalson yo lè y'ap antre nan Tant Randevou a, osinon lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Konsa, yo p'ap fè sa ki mal, yo p'ap mouri. Sa se yon lwa k'ap la pou tout tan pou Arawon ak tout pitit pitit gason li yo apre li.
Leviticus 16:4Men ki jan pou Arawon abiye lè l'ap antre nan kay Bondye a. L'a mete rad seremoni pou prèt yo mete lè y'ap fè sèvis pou Bondye. L'a mete chemiz twal fen blan an ak kalson twal fen blan an, l'a mare sentiwon twal fen blan an nan ren l' ak mouchwa tèt twal fen blan an nan tèt li. L'a lave kò l' nan gwo dlo anvan la mete yo sou li.
Revelation 4:4Tout arebò fòtèy la te gen vennkat lòt fòtèy ak vennkat granmoun chita sou yo. Granmoun yo te gen rad tout blan sou yo, ak yon kouwòn an lò sou tèt yo chak.