Ezekiel 44:19
Anvan yo soti nan gwo lakou a, kote pèp la ye a, se pou yo wete rad ki te sou yo lè yo te desèvis nan tanp lan. Y'a kite yo nan pyès yo mete apa pou sa a. Y'a mete lòt rad òdinè sou yo pou rad seremoni yo pa fè malè tonbe sou pèp la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:37Pandan sèt jou, w'a fè ofrann bèt pou peche yo fè san yo pa konnen an sou lòtèl la. Konsa w'a mete lòtèl la apa pou sèvis Bondye a. Konsa, lòtèl la va apa nèt pou Bondye. Tout moun ki va manyen lòtèl la, ak tout bagay ki va an kontak ak lòtèl la va tounen bagay yo mete apa pou Bondye tou.
Leviticus 6:3ou ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pa t' jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann.
Leviticus 6:10Nan maten, prèt la va chanje rad sou li, l'a mete yon chemiz fèt ak twal fen blan, ansanm ak yon kalson ki fèt ak menm twal la, l'a wete sann ki rete apre ofrann lan fin boule nèt sou lotèl la, l'a mete l' sou kote lotèl la.
Leviticus 6:27Nenpòt moun osinon nenpòt bagay ki va manyen osinon ki va touche vyann bèt yo mete apa pou Seyè a va tounen yon moun osinon yon bagay yo mete apa pou Bondye tou. Si san bèt la tonbe sou yon rad, w'a lave rad la yon kote ki apa pou Seyè a.
Ezekiel 42:14Lè prèt yo fin sèvi nan Tanp lan, anvan yo soti nan gwo lakou deyò a, se pou yo ale nan kay sa a pou yo mete rad seremoni yo te gen sou yo pandan sèvis la, paske rad sa yo se rad ki apa pou Seyè a. Se pou yo mete lòt rad sou yo anvan yo soti nan zòn kote pèp la rasanble a.
Matthew 23:17Bann egare, bann moun je pete! Kisa ki pi konsekan: lò a osinon tanp lan kote yo fè lò a sèvi pou Bondye?