Ezekiel 44:22
Prèt yo pa gen dwa marye ak yon vèv osinon yon madanm divòse. Se pou yo marye ak yon jenn fi nan ras moun Izrayèl yo. Tansèlman, y'a gen dwa marye ak vèv yon prèt parèy yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Prèt yo pa gen dwa bwè diven jou pou yo antre nan ti lakou anndan an.
Cross References
Leviticus 21:13Granprèt la va marye ak yon jenn fi ki tifi.
Deuteronomy 24:1Si yon nonm marye ak yon fanm epi rive yon lè fanm lan pa fè l' plezi ankò, paske li dekouvri nan fanm lan yon bagay ki pa byen, l'a ekri yon papye divòs bay fanm lan, epi l'a voye l' tounen lakay papa l'.
1 Timothy 3:2Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l' san repwòch. Se pou l' gen yon sèl madanm. Se pou l' yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li an plas, ki gen lòd. Se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' konn ki jan pou l' moutre moun verite a.
1 Timothy 3:11Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay.