Ezekiel 44:23
Prèt yo va moutre pèp mwen an diferans ki genyen ant sa yo mete apa pou sèvis mwen ak sa yo pa mete apa pou sèvis mwen, ant sa ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ak sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 10:10Se pou nou konnen sa ki apa pou sèvis Bondye ak sa ki pou sèvis òdinè, sa ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye ak sa ki ka sèvi pou sèvis Bondye.
Deuteronomy 33:10Y'a moutre pitit Jakòb yo regleman ou yo. Y'a moutre pitit Izrayèl yo lalwa ou la. Y'a boule lansan devan ou, y'a ofri sou lòtèl bèt yo touye pou boule nèt pou ou.
Hosea 4:6Pèp mwen an ap fini, paske li pa konnen mwen. Prèt yo voye tou sa mwen te moutre yo jete. Se konsa, mwen menm tou, mwen p'ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò. Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a jete. Mwen menm tou, m'ap voye pitit yo jete.
Zephaniah 3:4Pwofèt yo pa serye. Pesonn pa ka fye yo. Prèt yo menm pa respekte bagay ki apa pou Bondye. Yo fè lalwa Bondye a di sa yo vle.
Malachi 2:6Se verite ase ki te soti nan bouch yo. Yo pa t' janm chache twonpe m'. Yo toujou mache avè m' ak kè poze. Yo t'ap fè sa ki dwat. Yo te fè anpil moun sispann fè sa ki mal.
Titus 1:9Se pou l' kenbe mesaj verite a byen fèm, jan Kris la te bay li a, pou l' ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k'ap vire pawòl la lanvè.