The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 44 › Ezekiel 44:29

Ezekiel 44:29

Se yo ki va manje ofrann grenn jaden yo ak vyann bèt yo touye pou mande Bondye padon, ak vyann bèt yo touye pou repare sa pèp la fè ki mal. Tou sa y'a mete apa pou mwen, se pou yo la ye.

Bib La

In The King James Version

They shall eat the meat offering, and the sin offering, and the trespass offering; and every dedicated thing in Israel shall be theirs.

In Context

28Prèt yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo. Se mwen menm ki tout yo. Yo p'ap gen anyen nan peyi mwen bay pèp Izrayèl la k'ap rele yo pa yo. Se sèvis y'ap fè pou mwen an ki tout yo.

30Tou sa ki pi bon nan premye rekòt nou yo, tou sa n'a pran angajman pou ofri ban mwen, ak tout lòt ofrann n'a fè, se pou prèt yo y'a ye. Chak fwa n'ap kwit pen, se pou nou bay prèt yo premye pen an tankou ofrann, konsa benediksyon mwen va chita lakay nou.

Read all of Ezekiel 44

Cross References

Leviticus 2:10Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske yo pran l' nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a.

Leviticus 6:26Prèt ki va touye bèt la va manje l' kote yo mete apa pou Bondye nan lakou Tant Randevou a.

Leviticus 7:6Tout gason nan fanmi prèt yo kapab manje ladan l'. Se pou yo manje l' kote yo mete apa pou Bondye a, paske se yon ofrann ki apa nèt pou Bondye.

Leviticus 27:28Tou sa yon moun mete apa nèt pou Seyè a, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se yon jaden, li pa ka vann li ni li pa ka reachte l'. Bagay la fèt pou l' rete la, apa nèt pou Seyè a. Pesonn p'ap ka manyen l'.

Numbers 18:14Tout bagay moun pèp Izrayèl yo pran angajman mete apa pou Seyè a va pou ou tou.

Hebrews 13:10Nou gen yon lotèl ki pa nou. Prèt k'ap sèvi nan tanp jwif yo pa gen dwa manje nan vyann ofrann bèt nou fè sou lotèl sa a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 44:29

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 44:28Ezekiel 44Ezekiel 44:30 →