Ezekiel 44:30
Tou sa ki pi bon nan premye rekòt nou yo, tou sa n'a pran angajman pou ofri ban mwen, ak tout lòt ofrann n'a fè, se pou prèt yo y'a ye. Chak fwa n'ap kwit pen, se pou nou bay prèt yo premye pen an tankou ofrann, konsa benediksyon mwen va chita lakay nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 13:12n'a pran tout premye pitit gason nou yo, n'a mete yo apa pou Seyè a. Konsa tou, tout premye pitit bèt nou yo, depi se mal yo ye, se pou mwen yo ye.
Exodus 23:19N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou, n'a pote yo bay Seyè a, Bondye nou an, lakay li, Piga ou kwit yon ti kabrit nan lèt manman li.
Numbers 15:19lè n'ap manje manje peyi a va bay, n'a wete yon pòsyon, n'a mete l' apa pou nou fè Seyè a kado.
Numbers 18:12M'ap ba ou tou tousa ki pi bon nan premye fwi rekòt y'ap ofri bay Seyè a chak lanne: lwil oliv, diven ak grenn ki donnen nan jaden.
Deuteronomy 18:4N'a ba li tou premye grenn n'a rekòlte nan jaden ble nou yo, premye diven ak premye lwil n'a fè, ansanm ak premye lenn mouton n'a wete sou mouton nou yo.
2 Chronicles 31:4Lèfini, li mande moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou yo fè ofrann pou prèt ak moun Levi yo, pou mesye sa yo ka bay tout tan yo nan fè travay yo, jan Lalwa Seyè a mande l' la.