Ezekiel 45:18
Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Chak premye jou nan premye mwa lanne a, se pou nou touye yon towo bèf san ankenn enfimite bay Bondye, pou mete Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 40:2-Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a.
Leviticus 16:33L'a fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè ofrann pou prèt yo ak pou tout pèp Izrayèl la.
Numbers 28:11Nan konmansman chak mwa, n'a fè yon ofrann boule pou Seyè a. Lè sa a, n'a ofri de towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Epi fòk yo tout san okenn enfimite.
Ezekiel 43:22Nan denmen, n'a pran yon bouk kabrit ki san ankenn enfimite, n'a ofri l' ban mwen pou mande m' padon pou peche nou yo. N'a mete lotèl la apa pou sèvis mwen ak san li, menm jan yo te fè l' lavèy ak san towo a.
Matthew 6:33Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l' la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Hebrews 9:14nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l' ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an.