Ezekiel 45:23
Chak jou, pandan sèt jou fèt la, se pou l' ofri sèt towo bèf ak sèt belye mouton san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Chak jou, l'a bay yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 23:8Pandan sèt jou n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n' adore Seyè a. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn gwo travay non plis.
Numbers 28:15Anplis ofrann pou chak jou yo, w'a touye yon bouk pou mande padon pou peche, epi w'a ofri tou ofrann bwason ki toujou mache ansanm avè l' la.
Numbers 28:24Se va menm jan an tou pou tout sèt jou yo. Chak jou n'a ofri manje pou yo boule nèt pou Seyè a: se va tankou yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. N'a fè ofrann sa a anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou pou Seyè a ak ofrann bwason ki mache avè l' la.
Numbers 29:11N'a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche anplis ofrann bèt pou touye pou gran jou padon an, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo ak ofrann bwason ki mache ak yo a.
Hebrews 10:8Premye bagay li di se: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen, ni ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la, ni ofrann bèt yo touye pou wete peche yo: bagay sa yo pa fè ou plezi. Men, tout ofrann bèt sa yo, se yo lalwa Moyiz la mande.