Ezekiel 45:25
Pou fèt Joupa yo, ki konmanse nan kenzyèm jou setyèm mwa a, wa a va fè menm bagay la tou chak jou, pandan sèt jou: ofrann pou mande Bondye padon, ofrann bèt pou boule nèt yo, ofrann grenn jaden yo ak ofrann lwil oliv yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 23:34-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: N'a fete fèt joupa yo pandan sèt jou. N'a konmanse sou kenzyèm jou setyèm mwa a.
Deuteronomy 16:13Lè n'a fin moulen grenn jaden nou yo, lè n'a fin kraze rezen nou yo, n'a fè fèt Joupa yo pandan sèt jou.
2 Chronicles 7:8Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete la.
Zechariah 14:16Nan moun lòt nasyon ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm yo, genyen ki va chape, ki p'ap mouri. Moun sa yo va moute chak lanne lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a. Y'a fete fèt Tant yo.
John 7:37Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè.