Ezekiel 45:4
Se pòsyon sa a n'a kite apa nèt pou Seyè a. Se li ki va pou prèt yo k'ap sèvi kote ki apa pou Bondye a epi k'ap fè sèvis pou Seyè a nan Tanp lan. Se sou li y'a bati kay yo. Se la y'a chwazi anplasman pou Tanp lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 40:45Nonm lan di m' konsa: -Ti chanm ki gen pòt li louvri sou sid la, se pou prèt k'ap sèvi nan tanp lan.
Ezekiel 44:13Yo pa gen dwa pwoche kote m' pou sèvi m' prèt ankò, ni yo pa gen dwa pwoche bò nenpòt bagay yo mete apa pou mwen, ni antre nan kote yo mete apa nèt pou mwen an. Men pinisyon m'ap ba yo pou tout vye bagay derespektan yo te fè a.
Ezekiel 45:1Lè n'a separe peyi a pou nou bay chak branch fanmi pa yo, se pou nou kite yon pòsyon n'a mete apa nèt pou Seyè a. Pòsyon tè sa a va gen douz kilomèt edmi longè sou dis kilomèt lajè. Tout zòn lan va rete apa nèt pou Seyè a.