Ezekiel 45:5
Lòt mwatye a ki gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè tou va rete pou moun Levi yo k'ap travay nan Tanp lan. Se la y'a bati kay pou yo rete.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 35:2-W'a bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pran nan pòsyon tè yo resevwa a kèk lavil pou yo bay moun Levi yo pou yo rete, ansanm ak savann ki toutotou lavil sa yo pou yo ka fè gadinaj.
Nehemiah 10:38Yonn nan pret yo, ki soti nan branch fanmi Arawon an, va toujou ale avèk moun Levi yo lè yo pral ranmase ladim lan. Lèfini, moun Levi yo va pote mete nan depo pwovizyon tanp lan yon dizyèm nan tout ladim y'a ranmase a pou sèvis Tanp lan.
Ezekiel 48:10Y'a bay prèt yo yon moso nan tè yo mete apa pou Seyè a. Moso tè pa yo a va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve rive solèy kouche, senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid. Se nan mitan moso tè sa a y'a moute Tanp Seyè a.
Ezekiel 48:20Konsa, pòsyon mitan yo mete apa a va kare kare, douz kilomèt edmi chak bò. Anplasman lavil la va ladan l' tou.