Ezekiel 45:7
Y'a wete yon pòsyon tè pou wa a tou. L'ap an de moso, yonn sou bò solèy kouche adwat pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon lanmè ki sèvi fwontyè sou bò solèy kouche a, yon lòt sou bò solèy leve agoch pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon fwontyè ki sou bò solèy leve a. Antou, l'ap menm gwosè ak pòsyon tè yo bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 19:49Aprè moun pèp Izrayèl yo te fin separe rès peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo, yo bay Jozye, pitit gason Noun lan, yon pòsyon nan tè a ki pou rele l' pa l'.
Isaiah 9:5Tout soulye sòlda ki t'ap plede fè bri yo, tout rad sòlda ki te plen san yo, yo pral boule sa nan dife.
Ezekiel 37:24Yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, va chèf yo. Yo tout pral fè yonn anba yon sèl gadò. Y'a mache dapre lòd mwen ba yo, y'a fè tou sa mwen mande yo fè, y'a kenbe prensip mwen yo.
Ezekiel 48:21Sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche pòsyon mitan sa a, kote nou jwenn anplasman Tanp lan, moso tè pou prèt yo ak moun Levi yo ansanm ak anplasman lavil la, va rete de gwo pòsyon ki va pou wa a. Konsa, pòsyon wa a va menm valè ak pòsyon yo bay chak branch fanmi. Tansèlman, l'ap gen pòsyon tè pou Seyè a nan mitan l'.